{"id":30397,"date":"2021-11-05T17:37:28","date_gmt":"2021-11-05T20:37:28","guid":{"rendered":"https:\/\/redclade.org\/noticias\/2-webinarios-para-conocer-la-relacion-entre-paulo-freire-y-la-educacion-para-personas-jovenes-y-adultas\/"},"modified":"2022-02-11T17:05:13","modified_gmt":"2022-02-11T20:05:13","slug":"2-webinarios-para-conocer-la-relacion-entre-paulo-freire-y-la-educacion-para-personas-jovenes-y-adultas","status":"publish","type":"noticias","link":"https:\/\/old.redclade.org\/ht\/noticias\/2-webinarios-para-conocer-la-relacion-entre-paulo-freire-y-la-educacion-para-personas-jovenes-y-adultas\/","title":{"rendered":"Relasyon ki egziste ant Paulo Freire ak Edikasyon Jenn ak Granmoun yo (EJG) k\u00f2m yon dwa moun yo genyen lavidiran"},"content":{"rendered":"<p>Nan okazyon san (100) lane aniv\u00e8s\u00e8 nesans Paulo Freire a yo te selebre nan dat 19 Sektanm 2021 an, CLADE te tou pwofite f\u00e8 Kanpay <a href=\"https:\/\/redclade.org\/especiais\/paulofreirevive-una-educacion-para-la-democracia\/\" target=\"_blank\" rel=\"noopener\">#PauloFreire apviv.Yon edikasyon pou demokrasi<\/a> pran yon l\u00f2t vit\u00e8s pandan tout mwa Sektanm nan.Nan t\u00e8tansan ak Kanpay Latinowameriken ak Karayibeyen pou Defans eritaj Paulo Freire a, yo te \u00f2ganize yon Kons\u00e8y Edikasyon Popil\u00e8 nan Amerik Latin ak nan Karayib la (an pany\u00f2l CEAAL), se yon inisyativ ki chita sou div\u00e8s aksyon mobilizasyon, aksyon kominikasyon, aksyon sansibiizasyon, dyal\u00f2g ak braselide, ki demoutre kokennchenn enp\u00f2tans eritaj Paolo Freire a genyen nan kore demokrasi yo ak edikasyon ki d\u00e8y\u00e8 libere moun nan e ki garanti dwa moun yo genyen nan rejyon nou an ak r\u00e8s monn nan.<\/p>\n<p>Pami ansanm aktivite ki f\u00e8t nan kad kanpay la, genyen woumble an liy yo (w\u00e8bbin\u00e8) ki te itil ak enteresan anpil. Nan tout t\u00e8m yo t ap debat sou yo a, yo te pwofite b\u00f2de relasyon ki egziste ant Paulo Freire ak Edikasyon Jenn ak Granmoun yo (EJG) k\u00f2m yon dwa moun yo genyen lavidiran.<\/p>\n<hr \/>\n<h5><b>Men woumble an liy (w\u00e8bbin\u00e8) pou nou kenbe yo:<\/b><\/h5>\n<p>\u2018\u20193 Sektanm, CLADE reyalize yon woumble an liy sou t\u00e8m\u2019\u2019Panse pratik Paulo Freire pou n ka f\u00e8faskare devan mal\u00e8pandye ki sou t\u00e8t demokrasi ki egziste sou kontinan an\u2019\u2019<\/p>\n<iframe title=\"YouTube video player\" src=\"https:\/\/www.youtube.com\/embed\/rn0hCCZMa0M\" width=\"560\" height=\"315\" frameborder=\"0\" allowfullscreen=\"allowfullscreen\"><\/iframe>\n<p>30 Sektanm Platf\u00f2m Rezo Rejyonal pou EJG a reyalize yon woumble an liy sou t\u00e8m \u2018\u2019Edikasyon Jenn ak Granmoun nan nan Amerik Latin ak Karayib la : Sitiyasyon an, p\u00e8spektiv pa rapp\u00f2 ak panse Freryen an \u2018<\/p>\n<iframe title=\"YouTube video player\" src=\"https:\/\/www.youtube.com\/embed\/-ieKk83raCE\" width=\"560\" height=\"315\" frameborder=\"0\" allowfullscreen=\"allowfullscreen\"><\/iframe>\n<hr \/>\n<h5><strong>Eleman kle ki genyen nan relasyon ant Paulo Freire ak ak Edikasyon Jenn ak Granmoun nan <\/strong><\/h5>\n<p>Ansanm woumble an liy sa yo te ab\u00f2de relasyon ki egziste ant edikat\u00e8 brezilyen an ak EJG a, yo demontre enp\u00f2tans pou nou kontinye valorize eritaj ot\u00e8 a ansanm ak panse li a pou nou ka ranf\u00f2se branch edikasyon an k\u00f2m yon dwa moun k ap ede nan garanti l\u00f2t dwa yo epi pou p\u00e8m\u00e8t moun viv tankou moun toutbon.<\/p>\n<hr \/>\n<h5><strong>K\u00e8k Eleman yo kapab konsidere k\u00f2m pi gwo kontribisyon Paulo Freire<\/strong><\/h5>\n<p>\u2022 Ranf\u00f2sman EJG a k\u00f2m yon edikasyon popll\u00e8 ak yon dwa moun k ap itil nan garanti tout l\u00f2t dwa ki pi enp\u00f2tan yo ;<br \/>\n\u2022 Pwopozisyon k\u00e8k l\u00f2t posiblite pou libere moun devan tandans kons\u00e8vat\u00e8 ki genyen nan branch edikasyon an nan rejyon an (Yon fenom\u00e8n n ap viv nan sekt\u00e8 edikasyon an , tankou jan nou ka remake jan k\u00e8k peyi nan Amerik Latin ak Karayib la konsidere mouvman etidyan ak mouvman pwofes\u00e8 yo k\u00f2m aktivite krimin\u00e8l ;<br \/>\n\u2022 Tout kontribisyon panse pedagojik politik la pote pou n rive f\u00e8 bon jan analiz kritik sou tandans kons\u00e8vat\u00e8 ak tandans gwopony\u00e8t ki genyen nan edikasyon an ;<br \/>\n\u2022 Pwomosyon esperyans ak alt\u00e8natif ki louvri posiblite rey\u00e8l pou gen devlopman panse kritik ak pratik demokratik la ;<br \/>\n\u2022 Iniv\u00e8salite a : kreyasyon ak esperimantasyon espas edikasyon piblik, espas edikasyon kominot\u00e8 ak espas edikasyon sosyal yo ;<br \/>\n\u2022 Defans yon edikasyon k ap libere moun ak yon edikasyon demokratik ki dwe itil nan libere moun anba pouvwa boutdi yo ak nan konstriksyon kominote yo ak yon monn ki pi jis , ki pi sen , ki pi dirab e ki plis chita sou prensip egalite a ;<\/p>\n<p>. L\u00e8 nou chita sou vizyon Paulo Freire a, inegalite,diskriminasyon ak zak gwo pony\u00e8t pandemi an vin angrave yo, mande pou nou antre pi fon nan jef\u00f2 n ap f\u00e8 pou nou defann demokrasi a, nan bay mouvman sosyal yo plis jar\u00e8t nan batay y ap mennen nan defann dwa ak lib\u00e8te ansanm ak dwa moun pou yo jwenn edikasyon epi pou yo devlope kapasite yo genyen pou yo pote chanjman.<\/p>\n<hr \/>\n<h5><b>L\u00f2t pwen nan eritaj Paolo Freire ki merite pou n kontinye reflechi sou yo<\/b><\/h5>\n<p>K\u00f2m patisipan nan woumble an liy 3 Sektanm nan sou t\u00e8m \u2018\u2019Panse ak pratik Paulo Freire yo pou f\u00e8 faskare devan mal\u00e8pandye sou t\u00e8t demokrasi a :dapre sa k ap pase sou kontinan yo\u2019\u2019, espesyalis ak edikat\u00e8 Pedro Pontual . CLADE ak CEAAL , kritike mod\u00e8l edikasyon k ap layiyte k\u00f2 l la a e li pale de alt\u00e8natif ki soti nan sa Paulo Freire pwopoze pou n rive tabli yon mod\u00e8l edikasyon k ap libere moun. Nan kad kanpay #PaoluloFreireapvivla, Pontual te esplike apw\u00f2ch ki chita sou dyal\u00f2g Paulo Freire ap soutni an e ki rekon\u00e8t edikat\u00e8 yo-fanm kou gason \u2013 gen yon nivo konesans yo devlope ki soti nan esperyans pa yo ak nan relasyon yo devlope nan lavi e se pou sa nou dwe konprannn travay pwofes\u00e8 a se kreye sitiyason pou moun aprann, se pa tankou nou t ap f\u00e8 yon transf\u00e8 konesans nan yon bank, e sa se youn nan prensipal kontribisyon ki soti nan panse edikat\u00e8 brezilyen an dir\u00e8k dir\u00e8k.Pa gen dout nan sa, eritaj sa a se yon kle enp\u00f2tann nan reyalizasyo EJG a k\u00f2m yon dwa moun pou lavidiran epi sou baz yon apw\u00f2ch ki mak\u00f2nen ak ansanm dwa yo.<\/p>\n<p>Pontual f\u00e8 konnen, menm l\u00e8 edeikat\u00e8 yo gen devwa pou yo kreye sitiyasyon aprantisaj , men yo gen op\u00f2tinite pou yo ranmase konesans pou yo vin gen ypn lide ki pi laj sou monn nan ki chouke nan pw\u00f2p esperyans pa yo e dapre Paulo Freire toujou se sa k ap p\u00e8m\u00e8t yo pa sispann vin ak bon jan aksyon ak transf\u00f2masyon ki konekte ak reyalite lavi yo.<\/p>\n<p>Posiblite pou w ka jwenn dyal\u00f2g an liy sa a Edikasyon Jenn ak Granmoun nan Amerik Latin ak Karayib la . Epi al konsilte anpil l\u00f2t kontni toujou sou enp\u00f2tans eritaj Paulo Freire a genyen pou EJG sou paj nou an :WWW.redclade,org\/epja !<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Eritaj patwon edikasyon an kite a toujou ap enfliyanse reyalizasyon EJG a k\u00f2m yon dwa moun genyen pou yo jwenn edikasyon an nan Amerik Ltin ak nan Karayib la <\/p>\n","protected":false},"featured_media":25538,"menu_order":0,"comment_status":"open","ping_status":"closed","template":"","_links":{"self":[{"href":"https:\/\/old.redclade.org\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/noticias\/30397"}],"collection":[{"href":"https:\/\/old.redclade.org\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/noticias"}],"about":[{"href":"https:\/\/old.redclade.org\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/noticias"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/old.redclade.org\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=30397"}],"version-history":[{"count":2,"href":"https:\/\/old.redclade.org\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/noticias\/30397\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":30400,"href":"https:\/\/old.redclade.org\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/noticias\/30397\/revisions\/30400"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/old.redclade.org\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/25538"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/old.redclade.org\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=30397"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}