{"id":30415,"date":"2022-02-11T17:37:35","date_gmt":"2022-02-11T20:37:35","guid":{"rendered":"https:\/\/redclade.org\/noticias\/conversaciones-kix-fortalecimiento-de-la-educacion-publica-en-haiti\/"},"modified":"2022-02-15T17:26:39","modified_gmt":"2022-02-15T20:26:39","slug":"conversaciones-kix-fortalecimiento-de-la-educacion-publica-en-haiti","status":"publish","type":"noticias","link":"https:\/\/old.redclade.org\/ht\/noticias\/conversaciones-kix-fortalecimiento-de-la-educacion-publica-en-haiti\/","title":{"rendered":"Ayiti: kouman sitiyasyon sist\u00e8m edikasyon an ye nan peyi Karayib sa a"},"content":{"rendered":"<p>Se Marciel Morales Aceit\u00f2n , yon ch\u00e8ch\u00e8 KTX LAC ki te kondui ent\u00e8vyou sila a.<\/p>\n<p>Nan konv\u00e8sasyon li te genyen av\u00e8k William Th\u00e9lusmond an, mesye sa a te pale de egzistans yon gwo kantite lek\u00f2l ki anba men sekt\u00e8 prive a e nan sans sa a, nou vin pa ka tw\u00f2 pale koze edikasyon piblik iniv\u00e8s\u00e8l ak obligatwa pou tout timoun nan. E selon M Th\u00e9lusmond se youn nan pi gwo sous pwobl\u00e8m ki genyen pou sist\u00e8m edikasyon ayisyen an.<\/p>\n<p>Nan kont\u00e8ks sa a, li enp\u00f2tan pou nou sonje Ayiti se youn nan premye peyi nan rejyon an ki vini ak lwa sou ans\u00e8yman obligatwa a, men, sist\u00e8m edikasyon li a se youn nan sist\u00e8m ki pi anba kontw\u00f2l sekt\u00e8 prive a nan rejyon an. Genyyen 90% nan lek\u00f2l yo ki anba kontw\u00f2l legliz, Ong, oubyen yon bann ti antrepren\u00e8 e kote se 80% nan popilasyon moun ki lek\u00f2l la k ap etidye nan lek\u00f2l sa yo. Pousantaj moun ki alfabetize yo pi ba pase 60% epi pousantaj timoun ki gen laj pou yo ale lek\u00f2l e ki an mezi f\u00e8 sa yo se 50% (ONU-2018).<\/p>\n<p>L\u00e8 li pale de travay REPT ap reyalize ann Ayiti nan kad Kanpay Latinowameriken pou Dwa Moun pou yo jwenn Ediksyon an (an pany\u00f2l :CLADE), yon \u00f2ganis yo kreye nan lide pou li f\u00e8 pwomosyon pou dwa moun pou yo jwenn edikasyon nan tout nivo nan t\u00e8tkole ak Mouvman Mondyal la epi pou li defann edikasyon piblik la ak travay pou li tou. Dapre William Th\u00e9lusmond gen yon s\u00e8l fason pou garanti dwa moun pou yo jwenn edikasyon an se edikasyon piblik la, espesyalman nan konvoke ak reyini moun ki gen dwa pou yo jwenn edikasyon yo, \u00f2ganizasyon, patn\u00e8 ak asosye ki angaje nan kore objektif sa a. Nan sans sa a, f\u00f2k gen yon bon jan angajman kl\u00e8 ki pran pou yo devlope lek\u00f2l piblik yo nan s\u00e8vi ak bon pwogram, bon pwofes\u00e8, bon kondisyon travay ak bon kondisyon lavi, bon matery\u00e8l ansanm ak bon enfrastrikti. Nan kad ent\u00e8vyou sa a, direkt\u00e8 egzektif la te pale de div\u00e8s gran pwen ki genyen nan estrateji REPT la : f\u00e8 rech\u00e8ch sou sa k ap pase anndan sist\u00e8m piblik la, simaye enf\u00f2masyon ak f\u00e8 sansibilizasyon sou sa k ap pase yo, tabli yon seri alyans av\u00e8k \u00f2ganizasyon travay\u00e8 edikasyon fanm ak edikasyon jenn yo epi genyen katriy\u00e8m gran pwen an ki kons\u00e8ne tout jef\u00f2 rejyonal ak jef\u00f2 ent\u00e8nbasyonal pou kore div\u00e8s pwoeseis yo nan peyi d Ayiti.<\/p>\n<p>Pou l mete yon bout nan ent\u00e8vyou a, m William T. defann lide ki f\u00e8 konnen \u2018\u2019Nan peyi d Ayiti, nou ka w\u00e8 tout kouman inegalite ak diskriminasyon ap vale teren, nan sans sa a, edikasyon piblik la dwe s\u00e8vi nan f\u00e8 pwomosyon pou prensip egalite ak prensip youn pa ka egziste san l\u00f2t la, pou n ka goumen kont diskriminasyon epi pou n sispann pwodui div\u00e8s kalte kategori sitwayen\u2019\u2019<\/p>\n<p><strong>Lyen KTX konv\u00e8sayon av\u00e8k Ayiti<\/strong><\/p>\n<iframe title=\"YouTube video player\" src=\"https:\/\/www.youtube.com\/embed\/wBwjToNFdh0\" width=\"560\" height=\"315\" frameborder=\"0\" allowfullscreen=\"allowfullscreen\"><\/iframe>\n<p><a href=\"https:\/\/vimeo.com\/136146813\" target=\"_blank\" rel=\"noopener\">&gt;&gt; Dokimant\u00e8 Diyite Dwa moun pou yo jwenn edikasyon ann Ayiti<\/a><\/p>\n<p>Yon dokimant\u00e8 CLADE pwodui nan patenarya av\u00e8k yon gwoup ayisyen edikasyon pou tout moun-fanm kou gason. Dokimant\u00e8 sa a prezante yon seri temwayaj fanm ayisyen ak gason ayisyen sou edikasyon nan peyi yo. El\u00e8v, anseyan, direkt\u00e8 ak direktris lek\u00f2l, paran, iniv\u00e8sit\u00e8, militan, reprezantan gouv\u00e8nman ak \u00f2ganizasyon ent\u00e8nasyonal pale de div\u00e8s defi edikasyon nasyonal la ap kwaze epi li vini ak plizy\u00e8 pwopozisyon pou n rive nan konstriksyon yon sist\u00e8m edikasyon ki garanti ansanm dwa yo. Se yon dokimant\u00e8 yo te lanse nan dat 24 Avril 2015 lan nan Iniv\u00e8site Leta Ayiti a nan P\u00f2toprens, nan moman Sem\u00e8n Aksyon Mondyal pou Edikasyon an (SAME).<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Uity\u00e8m edisyon Konv\u00e8sayon KTX la te f\u00e8t ak patisipayon William Th\u00e9lusmond, direkt\u00e8 egzekitif Regwoupmen Edikayon pou Tout Moun nan (an franse:REPT) ki reprezante Ayiti b\u00f2 kote KTX LAC e ki te esplike kouman sitiyasyon sist\u00e8m edikasyon an ye nan peyi Karayib sa a.<\/p>\n","protected":false},"featured_media":30411,"menu_order":0,"comment_status":"open","ping_status":"closed","template":"","_links":{"self":[{"href":"https:\/\/old.redclade.org\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/noticias\/30415"}],"collection":[{"href":"https:\/\/old.redclade.org\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/noticias"}],"about":[{"href":"https:\/\/old.redclade.org\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/noticias"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/old.redclade.org\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=30415"}],"version-history":[{"count":3,"href":"https:\/\/old.redclade.org\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/noticias\/30415\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":30592,"href":"https:\/\/old.redclade.org\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/noticias\/30415\/revisions\/30592"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/old.redclade.org\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/30411"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/old.redclade.org\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=30415"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}